Episcopal Youth Event

Anrejistreman pou EYE17

August 24, 2016
Episcopal Youth Event

Vakans ete yo pra l fini, se konsa tout moun ap panse a planifikasyon nouvèl ane lekòl la – kivledi tout moun kòmanse pare kò yo pou yo tounen lekòl oswa pèmèt elèv yo retounen lekòl. Sa vle di tou n ap finn met anplas tout aktivite pou pwogram nou yo pou ane k ap vini an.  Isit, nan Biwo Ministè Jènn yo, vakans lan se te yon moman nou te konsantre anpil sou preparasyon Evènman Jènn Episkopal yo (EYE17), ki se yon aktivite k ap òganize an patenarya ak Dyosèz Episkopal Oklahoma, nan jou k ap 10-14 Jijè, 2017 sou kanpis Inivèsite Santral Oklahoma (University of Central Oklahoma) nan vil Edmond.

Gen kèk detay pou nou finalize toujou nan mwa k ap vini yo, se konsa nou ta vle fè yon ti rapèl sou detay konsènan EYE17, ki gen ladan l pwosedi anrejistreman ak lajan sa pral koute, ki mande atansyon nou san pèdi tan.  

Anrejistreman

Pwosesis anrejistreman pou EYE17 ap kòmanse nan mwa Janvye 2017 e l ap rete louvri jouk jou k ap 15 Mas oswa jiskaske nou finn pase tout dòtwa a anrevi, kèlkeswa sa k vinn anvan. Yon lòt fwa, nou vle raple, se yon sèl sekretè dyosezen ki pou reskonsab anrejistreman pou EYE17 lan. 

Yon premye etap nan pwosesis sa, nou mande pou chak evèk dyosezen idantifye yon sekretè k ap resevwa delegasyon dyosèz lan. Se Evèk lan ki dwe desiyen moun sa ki va aksepte reskonsablite pou li reyalize travay sa yo:

  1. Anrejistre delegasyon dyosèz lan;
  2. Asire l chak adilt k ap akonpaye jènn yo gen yon dosye resan (sou 5 an) kote yo verifye li pa konsène nan ankenn move zak, li pa annafè ak lajistis (sa yo rele Kazye Jidisyè), e li pa gen move dosye sou zafè sèks, ke dyosèz lan genyen nan dosye l. Fòk moun sa tou te swiv yon fòmasyon sou ‘Prevansyon Movèz kondwit Seksyèl;
  3. Asire l ekzijans EYE17 pou reprezantation jènn yo, diferan laj ak sèks (kivledi fi ak gason) byen respekte, jan nou wè sa nan detay yo bay annapre;  epi
  4. Otorize depans ak lajan ki pou peye, nan non dyosèz lan, tankou anrejistreman EYE17 ak frè yo ka bezwen pou transpò.

Evèk yo va itilize lyen sa pou voye non sekretè yo chwazi a bay Valerie Harris, jou k ap Vandredi 16 Sektanm 2016: https://DFMS.formstack.com/forms/eye_2017_diocesan_registrars.

Patisipasyon Jènn yo

Chak dyosèz kapab voye pou pi plis 24 jènn ki gen laj klas tèminal sik segondè –kivledi jènn ki nan 9e ane fondamantal, 3e, 2e epi filo pandan lane 2016-2017 e ki lekòl. Dyosèz ou an va gen pi gran siksè si w chwazi e dekouvri yon gwoup jènn nan klas sa yo ki fidèl, ki gen matirite, ki kapab jere vwayaj yo, pran lapawòl nan gwoup, epi pataje eksperyans lafwa yo, e ki kapab onore angajman yo va pran pou yo konpòte yo byen – tankou yo mande tout patisipan sa.   

Adilt kap akonpaye Jènn yo (Chaperons)

Se moun adilt ki gen kapasite pou yo fasilite aprantisay bò kote jènn moun epi pran angajman pou yo fòme yo epi transfere yo kapasite pou yo vinn disip atravè lemond.  Yo pral mande dyosèz yo pou yo voye yon (1) adilt akonpaye chak gwoup 4 a 6 jènn, sa ta fè yon maksimòm sis (6) adilt pou yon gwoup 24 jènn. Ekip adilt k ap akonpaye yo a ta dwe moun ant 23 zan e plis, e fòk yo reprezante fi ak gason menm jan ak gwoup y ap akonpaye yo. Sa vle di si nan yon gwoup kote gen fi ak gason k ap patisipe, fòk gen adilt fi tankou gason. Yo pa p otorize plis pase yon (1) adilt pou chak gwoup 4 jènn. Tout adilt yo dwe pran fòmasyon sou Prevansyon Move Konpòtman Seksyèl (Prevention of Sexual Misconduct) – fòk yo genyen tou dosye ‘Kazye Jidisyè’ yo, kote otorite yo verifye antesedan kriminèl oswa zak seksyèl yo nan dyosèz k ap voye yo a (dyosèz lan ta dwe kapab fè delivre yo yon sètifika ‘bonne vie & moeurs’) ki ateste yo pa t fè ankenn zak malonèt.   

Frè ak Depo pou Anrejistreman

EYE17 ap koute $350 pou chap patisipan, kit se adilt, kit se jènn. Frè sa yo ak kouvri: 11 manje, frè lotel pandan evènman an, transpò ale-vini pou ayewopò Oklahoma City, tout atelye travay ak sesyon plenyè EYE17 yo, ansanm ak tout lòt aktivite ki planifye pandan EYE17. Men li pa kouvri transpò ale-vi nan vil Oklahoma City oswa aktivite anvan oswa apre EYE17 lan. Nou dwe fè yon depo nan moman anrejistreman an, bonè nan kòmansman 2017 lan, epi peye balans lan annapre pandan mwa Me an (au printemps).   

Nou ankouraje Evek yo patisipe!

Nou gen yon gwo tradisyon kote evèk yo toujou patisipe nan EYE, se pou tèt sa nou planifye pou nou kontinye fè sa Oklahoma! Evèk dyosezen yo ansanm ak sila yo k ap asiste yo kapab anrejistre pou yo sèvi kòm adilt k ap akonpaye jènn yo, epi rete dòmi ak yo ansanm ak lòt adilt ki la – yo sèlman gen pou yo asire yo gen yon dosye nan biwo Evèk lan ki gen sa yo rele Kazye Jidisyè yo (sou 5 dènye lane yo).

Evèk yo ap gen pèmisyon tou pou yo anrejistre tèt yo pèsonèlman, pou yo jwenn kay oswa kòm envite chak jou sou kanpis lan. N ap kapab ba w plis detay lè nou finn deside sou pri yo pou chak opsyon. Chak evèk ap resevwa yon envitasyon spesyal nan men Biwo Ministè Jènn yo, yon fwa tout detay yo finn anplas.

Ekip Swen Pastoral

Talè konsa nou pra l bezwen fè rekritman pou jènn adilt ak adilt granmoun pou patisipe nan sa nou rele Ekip Swen Pastoral pou aktivite EYE17 lan. Moun sa yo ap sèvi kòm omonye (aumôniers), evèk bò kote parèy yo (ministres pairs), ekip nan dòtwa epi manm ekip medikal. Tanpri, ede nou rekrite moun pou wòll enpòtan sa yo – pataje aplikasyon an lè li sòti nan mwa Sektanm nan.

Nan non Biwo Ministè Jènn yo, nan Legliz Episkopal, nou kontan deja nou pral travay avèk ou pou nou reyisi aktivite EYE17 lan. Tanpri kenbe kontak ak Valerie Harris sizanka w ta gen kesyon: vharris@episcopalchurch.org oswa 212-716-6099.

Nou remèsye w pou koperasyon w ak priyè w, n ap kontan reponn kesyon w ta genyen!  

Nou salye w nan lafwa,

Se te Ekip Aktivite Jènn Episkopal yo Pèsonèl Evèk Reskonsab lan

Bronwyn Clark Skov, Youth Ministries Office
Wendy Johnson, Kòdonatè Aktivite a
Shannon Kelly, Ekip Swen Pastoral pou Jènn Adilt
Valerie Harris, Reskonsab Fòmasyon

Contact:
David Stickley

Formation Associate

Click here